RENMEN
Lè m gade w, ou gade m,
Kè m bat fò; se yon santiman inivèsel.
Se sa ki pote yon gout sèl
Nan la vi kouzen.
An franse, yo rele li l’amour
Qui dure pour toujours.
An angle, yo rele li everlasting love,
Ki pi dous ke mayilov.
Nou rele li renmen
San fen.
xxxxxxxx
Lè m gade w, ou gade m,
Kè m antre an tremolo,
M senti m kòm yon maestro
E manvi konpoze yon moso.
Si m ta mete yon rosinyol pou chante,
Sa ta fè m kente.
E si m pran yon pipirit sou trompèt,
Sa ta fè bèl fèt!
M tap santi m kòntan depi nan po tèt
Jous nan la lwèt.
Si m ta mete yon zòtolan kòm twoubadou,
Fòm ta roule tanbou
Pou tonbe danse yon yanvalou.
Si m ta mete yon sousad flè sou manoumba,
Se pou nanm mwen ki deja yon afiba
Vin lese w rale l tankou ralba.
Se konsa pou kè nou ale o pa
Pou nou ka mache pazapa.
Si malgre tou, sa pa ta mache pou kouzen,
Li pare pou l cheche yon vwazen
Pou joue vaksine
Pou ede l chame kouzin.
xxxxxxxx
Lè m gade w, ou gade m,
Dwèt mwen vle chanje an penso
Pou yo trase yon tablo:
Kote wap dodomeya pre yon bò dlo
Anba yon bèl pye flambwayan,
Tou kolè ak yon michan ilan-ilan.
Tou patou ou jwen jasmen
Ki pare pou anbome serin,
Ansanm ak choublak e bougenvilye,
Pou ta bay yon imaj ke pèson pa ka blye.
Tablo sa a doue imòtalize;
Li merite al nan mize.
Lè lòt pale du sourire de la Joconde,
M ap pale de la béatitude profonde
De cousine,
Qui fait bonne mine.
xxxxxxxx
Si kouzen e kouzin gen antant,
Nap viv ansanm, nan kay ousinon anba tant.
Men, fò w pa blye ke si jenès
Tankou yon fèy kap grenpe an flèch
Vin tounen an vyeyès
Ki pre pou fèl vin kou fèy sèch.
Si demen, la vi chanje bèl po w an rid,
Sonje ke kè m pap janm vin vid,
Paske lè m gade w, m ap wè ou rete ti fi
Se pou sa kouzin, mwen rele w Fifi.
**********
EMOSYONS.
Bèl pawòl sa yo touche kouzin,
Ki dan la vi, l’anmou tap fè l la sisin.
Li te rete en silans,
Avèk anpil patians,
Pou l te jwen yon nòm kè li te ka fè konfians.
Il fo ke m di avèk insistans:
Kè pa m se yon asyèt fayans.
Li kòm yon semans:
Li pa soufri neglijans.
Li mande anpil atansyon,
Men li pare pou bay anpil devosyon.
xxxxxxxx
Bèl pawol sa yo fèm santi m dou
Kòm si ou tap fèm je dou.
Ou dechenen yon seri de emosyon
Ki paka tann pou antre an aksyon.
Ou mete m nan setièm syèl
Kouwè yon ti moun ki gen yon bon kado Nowèl.
Mwen panse a ou la jounen kou nan nuit.
Ou kolé nan lespri m tankou cokiy sou do zuit.
Ou fèm tombe damou
Sé yon bwason qui fèm vle sou
E m santi m vle fou.
xxxxxxxx
Mwen avè w, nou kòm 2 jèn irondèl,
Ki fèk ak apran bat zèl.
Mwen swété nou ka viv ansanm lontan kou toutrèl.
Pa jam gen yon ti moun ki vin gason vanyan
San yon manman
Ki te fè yon akouchman
E te fè kè yon papa kontan.
Yon gason paka ni vanyan, ni kontan
San yon fanm solid kòm kompleman.
Mwen pare pou kompay ou nan tout nanan m
Avèk kondisyon pou kompayon mwen nan tout nanan w.
xxxxxxxx
Bèl pwomès sa yo, sakre.
Nou pa do manje manje blye.
Ni nou pa do pase anba pye sablye.
Nou pa dwe renmen a mwatye.
Nou fèt pou bay kè nou tout antye.
Lanmou nou dwe base sou amitye.
Mwen dakò pou renmen w san limit
Pou demen nou ka fè anpil pitit.
Reynald Altéma, MD