Kòkòt ak Figawo.

Lè Kòkòt te ti moun avèk rad a dantèl

E Figawo te kòn mete pantalon ak bretèl

Youn pat ka wete je l sou lòt

Yon sityatyon ki pat fòt

Ni youn ni lòt

Malgre vi yo pase nan 2 diferan pòts.

Kòkòt pitit boujwa, bèl marabou

Figawo, pitit pòv, ki tap viv nan lakou.

Kòkòt manje ragou

Figawo pran rapadou.

Kòkòt pat dwe mele

Ak ti moun ki pa pale

Sèlman franse.

Figawo te dwe kòn ran l pou l pat ranse

Ak pitit moun serye,

Sinon papa Kòkòt ap firye.

 

Yo te kòn kwase lè yo pral lekòl.

Kòkòt ak jup plise sou kò l

Figawo ak rad eskampe

Men yon ti gason byen kampe.

Kòkòt, bèl kou poupe

Poutan tou de rete bouch pe

Y ap gade e y ap admire an silans

Timidite fè youn pa vle pran chans

Pou di bonjou. Lè je yo kwase, yo nèk souri.

Kè yo bàt fò kòm yon malad ki pè paske l pipi dri.

 

Yo pale premye fwa lè nan première communion

Yo te ose fè youn simp conversation

Yo te swete youn lòt mes compliments!

Sa pat antre nan santiman

Papa Kòkòt. Li pimpe l Pòtoprins kay tant li,

Gran sè papa l pou koupe kontak ant Figawo e li.

 

Yo vin rankontre 6 an apre nan yon match volleyball.

Figawo kòm seminaris te nan ekip volleyball

St Martial. Kòkòt nan ekip Lalue. Kòkòt osi bèl

Ke Figawo kosto. E ben fwa sa a yo te kose bèl.

Figawo te al dépose l lakay li tou pre pon Sen Gewo

Se konsa yo vin renmen e vin bo.

Figawo te ekri Kòkòt bèl powèm yo rele acrostiche

Avèk menm swen yon zwazo pran pou fè yon nich.

 

Chercher l’amour pour trouver le bonheur,

Ou fuir l’amour et connaitre le malheur.

Chérir une beauté naturelle

Offerte aux yeux par l’Éternel

Telle est ma mission quotidienne

En admirant Còcòte que j’aimerais être mienne.

 

Cléopâtre, Nefertiti, Anacaona

Ont eu leur règne.

Còcòte est maintenant la reine.

O Créature fascinante

Tu me hantes passionnément

Et je dis que je t’aime énormément.

 

Lò papa l vin kònsa, li pimpe l Kanada

E li savonen Figawo ki vin senti l pi piti ke bounda.

Minable que vous êtes, ne venez pas souiller ma princesse,

Avec vos pattes trempées de suie. Que votre fiéffée hardiesse

Vous permette de survivre dans une basse-cour

Et non de venir lui faire la cour.

Elle n’est pas de votre rang social

Et à votre pauvreté elle ne sera jamais loyale.

Vous ne serez jamais un bienvenu,

Même alors que vous serez un parvenu.

Ni Figawo ni Kòkòt

Youn pat kab blye lòt

Moun damou se san hont,

Yo toujou tounen menm apre yo fè kont.

Kòkòt ekri Figawo e di l je t’aime à la folie!

Figawo repòn je t’aime et c’est ma folie!

Figawo vin blye pawòl al fè pè

Pèdi Kòkòt, se sa sèlman li te pè.

Kòkòt e Figawo vin kontre nan inivèsite

Nan Montréal nan fakilte

Jeni. Tou de te entelijan

Lanmou yo vin fleri tou bon, tout jan.

Papa Kòkòt pat kontan,

Men Kòkòt te di sa pat impòtan.

Papa l sispan peye lekòl

Kòkòt te di sa te mèt zafè, avèk Figawo li pat poukòl

Nan la vi. Men li te blije travay pou l peye

Pou depans li. Li pat brendeng,

Li te ret nan deng

Figawo ki koulye tap ede l. Yo te de edidyan

Ki te gen anpil kran.

De toutrèl

Ki pat pè batwèl.

De nam ki te kòm de leman

Ki te kole magre tout touman,

Ki te anime de menm santiman,

Ki te sou menm longè dond menm sou menas chatiman.

Kòkòt pat ka viv san Figawo.

Figawo te viv pou Kòkòt kou epis powo

Ki bay manje fad bon gou,

Yon siwo ki fè l vin sou.

Yo te viv youn pou lòt

Ou pat wè youn san lòt.

Tou de te diplome nan tèt klas

Yo malgre yo soti dan de diferan klas

Social. Yo se examp lanmou total

Kapital, yon kado natif natal,

Kòkòt a Figawo vle di

De nam ki fònn pou bay yon sèl fwa di.

 

Return to homepage