Mali e Beti
Reynald Altéma, MD
2 sè marasa ki te viv youn pou lòt e pa t ka viv youn san lòt, te fè menm bagay la nan leve chak piti fi yo, Mali e Beti, kouzin, pòy e tokay. Si w te li deskripsyon chak, ou ta fè konkluszyon ke pa gen fason pou yo te ka tolere youn lòt e poutan yo pa t ka viv separe youn de lòt. Mali e Beti te rive mare lombrit yo ansanm. Yo te abite tou pre nan Bapeudchoz. Se te bèl mèvèy pou obsève kijan 2 kouzin sa yo te kouwè tomtom ak kalalou. Se sèten ke pataje menm san se yon fenomèn pou respekte.
Beti trè senpatik tandis ke Mali pa t nan meli melo ak pèsòn, ou ta di kou gwo pous ki pa nan pèk mèl. Pasyon Mali se te makiye, woze zong dwèt li ak pye l e abiye fen kou pan. Beti te renmen chante, ri, pale anpil. Mali te souvan boude, kou kong, li pa t gen anpil zanmi. Pou di laverite, tou de te bèl demwazèl, men Beti te gen yon pèsonalite ki te fè presans li jenere klate yon boukan dife, ousnon enèji reyon solèy midi e an mèm tan distribye oxijèn nan alantou li. Yo rele sa an anglè gravitas, an france charisme, men nou rele sa poto mitan. Ak Beti, ou pa ka kagou; fè konvèsasyon te natirèl pou li tankou respirasyon, donk depi l yon kote, li anime l.
An plis de sa, Beti te gen repitasyon yon moun ki aktif. Depi l te piti, li te toujou pre pou ede, ke se òganize batèm poupe, e lè l ap grandi li te sèl chèf kanbiz. Par examp, si w bezwen reyisi yon ti suye pye pou fèt yon moun e ben ou rele l. Li te bon nan koòdinasyon. Se konsa yo te ba l ti non jwèt la fougueuse. Mali toujou cheche rezon pou yon bagay pa ka realize. Beti toujou jwen fason pou akonpli l.
Fason yo panse te kou lèt ak sitwon. Si gen yon bagay ki pou fèt, ke se mete lòd nan dezòd nan yon kay, pran inisyativ pou sote kòd, jwe marèl, ou te mèt konte sou Beti. Avèk Beti, aksyon se plop plop. Avèk Mali, li te toujou pè pou l pa t deranje manicure li, sal ou byen chifònen rad li epi li te paresèz. Yo te rele l précieuse, tout tan l nan tulututu e ap fè enteresant. Men si w te gen afè ak Beti e ben ou te charye 2 chay sou do w paske Mali pa t manje anyen k frèt pou defan kouzin li. Si w te touche cheve Mali ou t ap gen pou korespòn ak Beti, bon jan fanm vanyan.
Vanyan nan tout sans! Sa k te distenge Beti, li te renmen patisipe nan diskisyon politik ou byen debat nenpòt sijè daktualite. Li te toujou kampe doubout devan ti mesye yo lè konvèsasyon sa yo ta p fèt. Li te gen bon jijman e analiz li te byen kampe. Li te chaje ak konvisyon e li pa t kwè nan chanje pozisyon daprè kouran ki te an vòg la. Natirèlman, li te fò lekòl e elèv sou katye a souvan te vin kote l pou ede yo fè devwa. Mali te plis kou mazèt e Beti te plis kou bolid.
Obsėve entèaksyon ant Mali ak Beti, se te fè yon konstatasyon kijan siwo myèl ka amadwe gou anmè ou byen ki jan kolibri nan chante ka chanje min kalmason, fè l soti nan kokiy li. Beti toujou kouvri kouzin li ak beze, kwoke l, fè kè l kontan e fè l souri. Ak Beti, Mali pa ka rete boude. Li te jwe ak Mali, pou li, fè l fè jwèt tifi, chante, danse. Mali te toujou pare pou mete Beti alapaj, kite mete cutex pou li, fè bèl kwafur pou li, limen zong li, montre l ki jan pou l rete bèl. Mali e Beti te rankontre souvan, youn dòmi kay lòt, lè konsa Beti te toujou pwofite pou l pale ak kouzin li, eseye ouvri je l e fè l wè realite ya.
Sepandan, Beti pa t ka chanje kè Mali nèt. Kote Beti te liberal, pwogresis, Mali te konsèvatris. Beti te kwè nan yon sosyete ki bay pòv ak rich menm pwoteksyon. Mali te pou moun rich; li te konsidere moun ki pa genyen comme des minables et leur langage, le créole, une pourriture. Malgre tout jefò Beti te fè, oryantasyion politik Mali pa t janm chanje.
Yo marye nan de kan separe. Mali te kwè nan avantaj materyel e pa t gen okenn sousi de pwoblèm sosyal. Mari Mali te yon komèsan ki te peye ouvrye lemwens ke posib pou l ka fè maksimòm pwofi. Akoz de sa, li te fè anpil moun tounen kont li. Beti marye ak yon avoka ki t ap milite nan yon sendikat ki t ap eseye òganize ouvrye. De towo sa yo te vin enmi paske yo t ap defan de kan ak enterè an konfli. Poutan Beti te rete an bon tèm ak kouzin li menm ke yo te nan kan opoze, paske rasin relasyon yo te tèlman fon! Beti te dèyè mari pa l tèt kale. Li te patisipe nan mouvman pou rekrite ouvrye pou sendika paske sete yon bagay li t ap chache an lè ke l te jwen a tè. Mali te panse se te tan pèdi paske sa pa t rapòte ase lajan, lajan pou achte bijou, rad chè, soulye gwo mak pou l te rete bwòdè e se sa ki te enpòtan pou li. Si Beti te yon lòt moun, li te ka kembe kouzin li nan kè. Se konsa lè male rive Mali, premye zepòl li chèche se nan men Beti. Magazen mari Mali te boule nan yon dife.
Beti kòm fanm vanyan te sove lasityasyon. Li ofri l yon solysyon ke yo jwen nan kèk peyi avanse. Li sigjere youn alyans ant kapitalis e ouvrye. A kondysyon ke ouvrye e sendika a ede l nan rebati magazen a, yo vin patnè. Bòfrè l gen majorite aksyon men sendika/ouvrye yo posede yon minorite pòsyon nan biznis la. Tout moun soti gayan, yon bagay ki rar nan sosyete nou an.