Ti zwazo

Ti zwazo koute w prale?

M a p prale kay fiyèt Lalo

Fiyèt Lalo kan manje ti moun

Si w ale la manje w tou.

Brit kolobrit, rosiyòl

Manje kowosol.

Te gen yon ti zwazo kite renmen chante anpil e yo te rele l rosiyòl. Se te maestro okès ki te kompoze de pipirit, toutrèl, pijon, paske se li ki pou te fè solo. E ben yo te kann rankontre nan yon gro pye kenèp nan yon  kafou kat chemen. Pye kenèp la de bay sou lantouraj yon madanm ki te mechan. Yo te rele l Gwo Siwo e tout ti moun te pèl paske li pat manje anyen frèt.

Kafou sa a te ranpli anpil fonksyon. Se la elèv lekòl te kòn rasanble pou yo achte pistach, fresco, wayal. Lè lekòl lage, se la ya l batay ou byen ti fi ak ti gason ki te renmen ta l kanpe pou koze. Pita se la moun te ale pou achte fritay ou byen bwè tafia. E lè tout moun tap dòmi se la tout kalite gòg magòg te kòn fèt.

Lè moun renmen te kòn al pale anba pye bwa a se lè sa a okès zwazo yo te profite voye monte avèk rosiyòl kòm sèl chèf kambiz e li tap fè kalinda nan solo.

Gwo siwo te gen yon menaj ki te rele Anòl. Li te yon tonton ki te toujou mache avèk dyakout li e katya pikan l ladan l e li te renmen fimen kachimbo. Se pou sa yo te rele l tonton makout. Anòl te gen mès:

  • Li te yon nòm saf. Li te renmen manje anpil e chak aprè midi, li te pase kay Gwo Siwo pou la l pran gwo bòl diri l. Lakay li, se fòkseli sèlman li te kann jwenn. Gwo Siwo te fè komès manje e li te gwo madan sara. Lè l te devan montay manje a ou pa t ka wè figi l.
  • Li te pran plezi ak gade ti jèn demwazèl yo. Te gen jouda ki te di Gwo Siwo ke tanzantan li te kann koze ak yo tou. Sa pa t antre nan santiman Gwo Siwo di tou. Vin wè lè rosiyòl ap chante e Anòl te samble li t ap koze. Gwo Siwo soti pout pete eskombrit e fè tout moun vole gagè  lè l tande pawol sila sa a.

E ben li te fè moun veye Anòl pou l te ka prann l an flagran deli. Se konsa yon jou pandan Anòl t ap koze ak yon demwazèl, Gwo Siwo pantan sou nèg pa ki t ap kase fèy nan zòrey ti jèn fi a. Li te an chanbranl de la baliskad. Sò tande a, li pati ak yon bò manmzèl e deblozay eklate nan kat chemen. Sete gwo zen. Li te pwomèt manzèl ke la manje l kou grenn sèl si li pa t rantre nan kokiy li. Depi lè sa a moun vin kwè ke li ka manje ti moun e yo te rele l fiyèt lalo. Afòs li te move, Gwo Siwo te pran yon fistibal pou keyi mon kònpè rosiyòl ki pou te chape po l ta l sere nan branch yon pye kowosol.

Zen sa a te vin fè gwo chanson kanaval. Li te pati kònsa:

 

Mon kònpè Anòl

Nan anmède kòl

Pèdi bonè li nan kat chemen.

San l pa jenen

Li kite maestro rosiyòl

Fè l pèdi gwo bòl

Diri l e li dòmi san soupe.

Nan fè wondonmon

Li pran yon palavire ki fè l pe.

Nan diskisyon ak fiyèt lalo

Li pran yon gwo so

E li te pėdi pantalon l

Li te blije bay talon l

Yo di li te vini moso gason

Paske li te san kanson.

Li pèdi diri e tounen nan fòkseli.

 

 

Return to homepage