Alfred Gérard Noël, MS, PhD.
Lè w mande l ki Jan l fè pou l detann li, pwofesè Noël di li divize travay li nan fè rechèch an matematk, jwe gita e etidye filozofi avèk yon presizyon kare ki revele yon melanj de yon enjenyè ki mezire dwat e yon àtis ki imajine e ki pale de matematik kòm yon lang, men ki pa kite emosyon l parèt twò vit pou tikriktikrak. Se konsa ke nòmal li defini pou yon san avèk atitid kinalagach de pèp alman, ensten rebèl ti moun fwonte, ki pare e vle eksplore ide nouvo, fouyapòt, menm si sa pa fè sosyete a kontan. Apre yon entèvyou, ou gen enpresyon se yon bolid, yon pèsonalite konpleks, men yon nonm bon kè, nan ekosystèm kote konviksyon e angajman se marasa. Malgre li trè okipe, li pran tan pou ede frè n ak sè n peyi lakay. Li anseye gratis nan lekòl ISTEAH (Enstiti de Syans, de Teknoloji e de Etid Avanse de Ayiti) ke GRANH-Monde te kreye. Li fè gwo jefò e l aprann ekri an kreyòl, l antre pye l fon nan lang nan ke l pa t itilize depi lontan epi li ekri yon liv de matematik avanse pou nivo inivèsite nan lang sa a. Non se pa yon erè. Yon gwo pwofesè nan Inivèsite Massachusetts (UMass) nan Boston nan seksyon matematik, yon ansyen chèchè nan MIT, fèk piblye yon liv sou analiz matematik an kreyòl, nan Les Presses Internationales de GRAHN-Monde.
Moun Okay an Ayiti, li te fini klas segondè l nan Collège Anglade epi l te etidye nan Centre Pilote de Formation Professionnelle pou Électrotechnique. Li ale Etazini an 1982 e l al nan lekòl Control Data Institute nan Burlington, Massachusetts e l taprann pwogramsyon nan enfòmatik. Apre sa li ale nan Inivèsite Northeastern nan Boston pou l pousuiv yon degre nan enfòmatik. Pandan l te lekòl la, yon pwofesè matematik ki te soti nan peyi Irland, Terrence Gaffney, te enpresyone de konesans matematik li e li te fè l pran yon seri de ekzamen ke li te pase si byen ke yo te mete l nan klas avanse pou degre masters. Lè l vin diplome, li te al travay nan sektè prive pou 7-8 an.
Li retounen nan Inivèsite Northeastern kote li te pran doktora e an 1997. Donald King, yon ameriken nwa ki te diplome nan MIT, te sipèvise tèz li. Pwofesè Noël te gen 41 an lè l te recevwa doktora li. Pandan 1 an apre sa, li te travay sou pwoblèm Y2K. Ansuit li te aksepte yon pozisyon kòm Asistan-Pwofesè nan UMass. Ane akademik 2000-2001, li te al anseye MIT kòm Asistan-Pwofesè an visit. Li te retounen ankò an 2006 pou l te patisipe nan kokenchen rechèch nan teori matematik ke yo rele “Atlas of Lie Groups and Representations Project E8 (aimath.org) kòm tit de ekspè envite.
Sa sete yon gwo zafè, paske sete sèlman yon ti gwoup de matematisyen omond ki te nan pwojè sa a e li trè komplike. Deskripsyon pwojè a nan sit ofisyèl sou wèb la di ke “Genone Project,” te sèlman mande 1 gigabyte de memwa tandiske pou “Project E8,” se 64 gigabytes. Konesans li nan syans enfòmatik te ede l vini avèk yon apwòch nouvo de pwoblèm la. Li a p ekri àtik sou rechèch sa yo pou l piblye yo nan jounal syantifik. Lè m li dekripsyon pwojè sa a, m rete bouch ouvri tèlman li apwofondi e li mande konesans trè avanse. Malgre patisipasyon li sete yon gran siksè, pwofesè Noël modès e li pa pre pou aksepte kompliman. Mentou, noumenm ki konn sityasyon an byen, panse ke nou dwe bat bravo, paske nan mond izole de teori matematik, kote moun parèy nou pa bienvenu, menm li admèt sa. Sa a se yon siksè kolosal. Li te pase 6 mwa nan Harvard pou te fè rechèch avanse. Li toujou rete nan UMass e li gen tit de pwofesè depi 2010.
Pwofesè a di ke nan mond de matematik akademik, fè rechèch sou nouvo teori pou chèche solisyon de pwoblèm epi piblye travay la, sesa ki enpòtan. Ekri yon liv, nòmalman, pa ajoute twòp nan palmarès ou e si nou dwe di verite, tan li pran pou ekri liv la te ka itilize nan fè rechèch. Kanmenm pwofesè Noël te santi necesite pou te fè l paske etidyan ki sot Ayiti bon sitou nan kreyòl, kelkeswa klas yo te fini an. Se konsa nan ekri liv la, li tombe damou lang lan. Lonbrit li mare ak peyi l e sekonsa ke depi 1996 li te fòme Sosyete Syantifik Ayisyen. Li se manb GRAHN e sèvi kòm premye Direktè de Sant Rechèch Matematik nan ISTEAH.
Devouman l pou anseyman syasntifik nan peyi a solid. Otòn ane sa a, li te fè aranjman pou yon seminè de 2 semen avèk syantis de Frans, Etazini, Itali, Afrik anba CIMPA (Centre International de Mathématiques Pures et Appliquées) (cimpa.org). Sa t ap dezièm fwa ke sa t ap pral fèt men li te blije sispan sa akoz pwoblèm enstabilite politik. Sa nui li ke nivo konesans nan enfòmatik ba pami elèv an Ayiti epi peyi a izole nan entegrasyon e nouvo devlopman syantifik. Li santi yon gwo bezwen pou chanje sistèm edikasyon an, sitou nan domèn pwopagasyon konesans syantifik.
Apwopo de moun ki tout jounen ki a p repete sotiz ke kreyòl pa yon lang, piblikasyon liv sila dwe yon bri fò ki pou sonnen nan zorèy nou toupatou kòm ekzamp pou prouve lekontrè. Se yon travay pedagojik wololoy. Nan prefas la, li ofri yon repons a Camus ki te plenyen de “systèm planetè envizib….ke m p ap janm konen.” Repons li, “Se nan demach poukont ou, ki penetre w, ki alafwa gaye e an òd ke nou panse ke jeni kreyatè de yon atis matematisyen(èn) chita. Anplis li chwazi David Hilbert, yon gwo matematisyen alman ki te fè yon diskou lè l t ap pran retrèt li, pou eksplike vizyon l sou analiz matematik pur. Li ekri l an alman e kreyòl. 2 dènye liy yo eksplike fòmil li:
“Alaplas iyorans sòt sa a, an nou kenbe pou deviz nou:
Nou dwe konnen, n ap rive konnen.”
Metòd sa a lè l pouse nan ekstrèm li ou ka konsidere l kòm gwo ponyet kouwè ekspresyon alman an ki di “Sturm un Drang,” ke Wa Kristòf te itilize. Sepandan aske liv sa a sipoze represante intwodiksyon a yon lang, ke nou rele matematik, pou moun ki renmen l, pou l mennen w nan yon vwayaj chaje ak aspirsyon e rèv, eske l pa posib ke nou ka konsidere liv la kòm premye kado e si nou ta vle pouse metafòr la eske nou pa ta konsidere l kòm yon woman avèk tout fay sikolojik nan vi yon jenn nanm kouwè yo di an alman, “Bildungsroman?”
Desizyon pou ekri an kreyòl soti de yon potomitan avèk yon lespri byen fòme e fèt. Sa lòt konsidere kòm pastan, men ke l trete kòm travay, se ekri istwa kout, pwezi nan…lang franse ansanm avèk li Spinoza e Nietzsche. Li jwe gita byen nan stil klasik, men li klase tèt li kòm nivo entèmediè. Li senpatize avèk nosyon desten, fatalite, men li pa ensiste sou kategori rijid. Se yon pèsonalite komplèks. Li posède mantalite pratik de yon enjenyè e sansiblite de yon powèt, men li vlope l ak yon vwal mens ki koulè klè-somb, san li pa kache l paske l ekspoze èv literè li sou kote travay syantifik li nan sit web li (math.umb.ed). M chwazi powèm sa a pami sa li ekri yo, chak moun ka entèprete l nan fason pa yo
Fo pwofèt anba kòd
De
Alfred G. Noël (2016)
Tradiksyon de Reynald Altéma.
M pa pral reflechi sou kadèjak ki mete m sou tè a
“De yon dechaj de yon gran maten”. Posib…
Men m te konen, tanzantan,
Ti chap ki fèt nan tan ki dwe rete doubout.
Presidan Akademi a anfen rantre
Kò l te degaje odè pachiman,
Avèk yon dyòl fobop,
Ki pase anpil plezi koudjay,
Kouwè zafè mazanza,
Pou deklare kòmansman Kritik la.
Li rele avèk yon vwa kagou
Ajenou sou yon gwo divan,
“Mennen nèg ki konpoze travay satanik sa a
E pote epe a.”