YON LÒBÈY

Nan tout ane istwa lopital trè okipe sa a, koze ki te pale jou maten lindi sa a te pami sa moun te plis pale kòm gwo koudjay. Tripotay te fè kenken sou jouman ant enfimyè ak sipèvisè l. Pito di gwo rèl pou pa chape, akòz de kolizyon ant oriantasyon seksyèl, abi seksyèl, koutum sosyete, konpòtman kòm fanm e fanm ki kouwè gason, rebelyon kont otorite, di betiz kont langaj pwofesyonèl. Sa ki pa te abitye te pran yon ti jòf nan yon fenomèn ki pa rive souvan, bon jan joure

ki rantre nan manman yon moun, ansanm ak  joure ki swete malediksyon. Kokenn chenn deblozay sa a te mete pwotokòl kont eskombrit nan lari, ki te chaje ak mo sal ki bosal. Sa te fè tout moun sezi, anplwaye, malad, visitè, e  ki te anbarase sipèvizè a.

Sa te kòmanse avèk yon kont Amwe! Ke enfimyè Nancie te fè paske li te resevwa yon nòt davètissman ki te di ke sipèvizè l te jwenn li ap kabicha nan travay li aswè. Règ sa a te tèlman aplike rarman ke ou pa t janm tande pale de li sitou lè w fè travay ou kòrèk e ou bay yon kompayèl kouvri pou ou. “Kite m simen kèk bon kaka sou chwal angle sa a, bèf rada, sèpan odasièz sa a avèk pwazon nan kwòk li ki si fò li ka touye yon elefan, yon deprave ki chak jou degize kou yon gwo koure gason, ki pèmèt li derespekte m e vin touche m swadizan m se bèl nègès.” Li te gen yon men sou hanch li e li te a p fè jès ak lòt la. Se konsa l voye premye rafal la. Li te kampe nan mitan sal enfimyè yo lè yo t a p chanje eskwad e enfimyè yo te a p bay rapò a youn lòt de sa ki te pase pandan nan nuit la et tès ki poko gen rezilta final. Sete lè ke administratè etaj la ki t à p pran rapò nan men sipèvizè aswè a te ka a p tande. Nancie te vle fè pi gwo efè ke posib.

“ Manmzèl pa kòn a kiyès fanm li an afè. M pa yon ti poulèt ki pè l ou byen ki kite l woule tete l. Non papa, m pa nan Sodòm ak Gomò, m pa nan metye moun modi. M pa p kite l kraponen m ak ti rans sa a.”

“Èske w ka bese vwa w? N a p eseye fè travay nou!” yon enfimyè ki an chaj ekip ki pral kòmanse a di l, li te anmèdè de kaboulaw sa.

“Sa l ye? Bese vwa m? Ou poko wè anyen! Madivinèz sa gen odas pou menase m si m pa kite l manyen m jan l vle. Ki jan w ou t a p santi w si yon moun te fè w sa?” “Tonè kraze m na regle zafè sa kounye a e la menm si se pasa la a pa p mache,” e apre l pran souf li, “Woy ou fè sanm a p bouyi. Ou poko wè anyen. M se yon Haousa e nou pa kite moun fè nou pran kaka pou bè!” Li frape pye l a tè lè l di sa.

Heather, administratè etaj la, soti nan biwo l , “Èske n ka pale san bri, san kont? Vin nan biwo m e an n regle sa.”

            Moun ke l te akize a, Jessica, te chita nan biwo a, figi l mòksis, wouj kou tomat, sitou l pa t janm abitye ke moun ki pa kompayèl li demanti l. Lè Nancie antre nan pyès la, li lonje dwèt sou Jessica, “Yon lou kou gwo toro sa a te toujou gen je sou mwen, a p fè m je dou ke m pa renmen paske m pa nan salopri tete lang ak lòt fanm e yè swa li te eseye manyen bouda m e m pouse men l e li gen kran pou di m ke l a p fè m peye pou sa,”  vwa l te fò kou loraj. Jessica an fèt te aji e abiye kouwè gason. Li te gen cheve kout drèt kou pikan e li te ekzekite règleman kou yon sèjan nan ekzèsis. Li te ekri yon rapò ki di ke l te pantan sou Nancie ki t a p dòmi pandan l te sipoze a p travay. Nancie pa t vle aksepte ni siyen l. Jessica te itilize posisyon lan kòm yon zam pou te fè moun pè. Li te toujou anvi fè bagay, ti zòrèy te toujou di, men abitid sa a te vin blayi tou limen kou yon boul dife.

Lalwa pwoteje preferans seksyèl yon moun; abi seksyèl te kont lalwa, libète pou chwazi se fil ke yo genyen ansanm e konsantman kòm baz de konpòtman akseptab pami gran moun. Se yon liy delika ki byen taye ant fè yon konpliman adwat ki parèt kòm flatri e yon deklarasyon menm si l anba chal ke yon moun resevwa kòm frekansite ki anvayi espas prive l ou diyite l. Teritwa frajil sa, nou tout viv ladan l, n aprann kijan pou respekte mès youn lòt pou nou ka viv an pè e an amony. Lè yon sityasyon presante kòm yon kwazman de preferans seksyèl e abi seksyèl, sa chavire balans de dwa chak individi genyen. Si w melanje l ak entolerans, sa ka ba w yon poud kanno ki pre pou eklate.

Pawòl Nancie kont pawòl Jessica. Yon enfimyè nwa kònt yon enfimyè blan. Yon imigran kònt yon natif natal. Yon lòt pè zye ka wè ke se sèlman yon bosal kònt you moun fwonte, vanyan, ki pito kanpe doubout e ki pa pè defann tèt li. Jouda ki a p gade, definitivman gen opsyon pou wè e entèprete sa zye l ba li.

Natirèlman, Jessica di se manti, li pa t fè sa. Nancie eklate, “Pouki delakyèl m t a bay yon manti konsa? Lè yon nan mal gason k a p travay isit la eseye frèch avè m, m lese yo konnen ke m pa apresye sa epi sa fini. Men wou, agresif kou yon gwo mal ki toujou anvi femèl pa janm ka konprann sa sa vle di non. Ou panse ou ka entimide m, sa pa p rive. M gen san cho, rasin mwen nan Ginen, yon Haousa e nou pa koube douvan okenn kalanbè!” Li frape men l sou tab la pou ranfòse sa l di a.

Nancie nan pozisyon sa a te yon revelasyon pou tout moun. Li te dousman, bon travayè, byen penyen, fen kou pan, bèl zong, kout, pwatrin byen devlope, ekzanp de bote feminin. Jessica te diferan. Heather realize ke li te gen yon pate cho nan men l. Nancie te gen yon repitasyon de yon bon enfimyè, jamè an reta, rarman manke jou travay pou maladi. Pesòn pa t janm te konplenn kònt Jessica avan, men tout moun te konen ke li te agresif tankou Amazòn.

“Epi pouki tout tan li vin nan pyès medikaman yo pou vin pale avè m? Li pa zanmi m e li pa p janm zanmi m. M pa renmen fanm. M pa p kite yon lòt fanm souse krèk mwen. Se move mès.” Bouch tout moun rete ouvè e yo rete an silans. Yon zegwi tombe t a p sonen fò.

Chèz li vin cho kou boucan dife, tanperati a monte e fèl santi l kouwè l a p toufe. Heather konnen Nancie pa t a p kite sa e li te pare pou l vin pi anraje. “Li kontre ak zo grann li,” yon lòt enfimyè rele, pou graze silans lan. Sete yon fanm blanch aje ak cheve blan, “Se pa premye fvwa m tande sa, men se premye fwa ke yon moun kare ase pou ti di sa an piblik.” E byen sa te fè desizyon Heather vin pi fasil. Li anule reprimand kont Nancie a e li di li pral envestige akizasyon yo. Se konsa 2 lòt enfimyè ajouté vwa pa yo nan koze a. Lè Jessica vin okouran de plent yo, li chwazi demsyone san l pa admèt ke l koupab.

Konfwontasyon an te pran yon direksyon pou fini nan yon fason moun pa t atann e li te vin yon leson pou yo tout. Afòt sete yon bon jan demonstrasyon de konviksyon , afòt sete yon rapèl de tokay li, entolerans.  Heather te fè yon sesyon espesyal avèk  staf la yon granm maten. Li te diskite sans demisyon Jessica a, men li te fè asistans la sezi  lè li te di  ke mo ki te sou labib  ki kondane lòt stil de vi te blese l. Daprè li “Ke nou renmen sa ou non, depi ti konkonb t a p goumen ak berejèn, yon pòsyon  popilasyon an atire nan moun menm sèks. Nou wè sa pami malad nou yo, zanmi nou, moun k a p travay ansanm avè n. Abi kont yon anplwaye pa p janm akseptab pandan m la. M kwè nan trete moun byen e m toujou aji jan m pale. M se madivin e m soufri akòz ke moun ou lasosyete ki pa aksepte chwa ke m fè de stil de vi sa a.” Nan yon mànyè poze, li te montre ke li pa t ni feneyan ni san prensip; nan yon fason fèm e madre, li ekspoze prejije ke menm moun ki soufri de prejije rasyal  gade nan sen yo. Anyen nan konpòtman li, nan stil administratif li te ka fè yon moun sispèk anyen differan sou preferans seksyèl li ou ke li pèmèt chwa de vi pèsonèl li antrave mantalite travay li. Nancie te blije rekonèt jan l te regadan sou chwa lòt moun nan vi yo.

“Sa mache nan 2 sans. Nou dwe respekte preferans nou chak,” Nancie di, men fwa sa a, kwayans li enonse a te melanje ak yon ti gout regrè de ansyen pozisyon kòryas de entolerans. “M dakò. Depi nou fè sa, pa p gen pwoblèm. M regrèt bagay sa. Pwochèn fwa, lese m konnen byen vit depi yon moun fè nou pa konfòtab,” Heather reponn pandan li touche zepòl Nancie nan yon siy de antant. Tout enfimyè yo te konprann zak senbolik sa a.

Yon enfimyè vire bò Nancie e di, “M pa t konnen ke w te gen fanm so wou konsa non. Gen yon pwovèb ki di ‘Anwo chèch, anba mouye.” Enfimyè gran moun nan di, “Men tou nou tout gen twou nan manch nou, nou chak gen grenn zanno kay ofèv, se pou sa ke danmjann touni pa al nan dènye priyè wòch galèt.”

 

Reynald Altéma, MD

Return to homepage