TANT TONYA.

Antonia Blafo, ke tout moun te konnen sou non tant Tonya te yon poto mitan. Li kite yon eritaj kòdyòm pou Ayiti toma. Etidye vi l se kouwè analize sosyete a nan tout fay ak potansyèl ke l genyen, tout paradòks ki makòne nan li, men sitou espwa anba tout lamizè ki douvan je n. Istwa sa a si bèl ke m pa ka kenbe l pou kont mwen. M blije pataje l ak nou; se yon fason pou n reflechi, pou youn di lòt ki sa ki posib lè yo mande de ki prevyen.

Antonia Blafo te fèt nan Ansavo. Ki jou, ki dat nou pa konnen paske li menm pat janm klè sou kesyon an. Papa l te Kiba lè manman l akouche l, epi lè l tounen, li te pèdi yon bra nan zafè koupe kann. Paske sete bra dwat li, nèg pa te vin kòm yon manb initil. Donk se konsa yo pimpe l tounen ak sèlman yon ti kraze. Mizè kou lasini ki pran fiftywonn li te fè l pran desizyon pou ofri Antonia a agronòm Senklè, kompè l ki te batize maryaj li. Li te fè pwomès ke li tap pran swen pitit li a byen. Antonia te gen 6 an. Pandan 6 pwochenn lane yo, yo te fè l wè 7 koulè lakansyèl.

Sak te vin met absè sou klou se madan Senklè ki te ba li yon bon pataswèl yon aswè paske l ti chita sou tab la e li t ap li liv demwazèl pitit li. Li te fèl konnen ke se pat ran l e li pat gen okenn dwa pou chita la. Antonia entelijan. Li t ap aprann chif nan liv la paske l gen bon memwa. Depi l wè yon imaj, li pap blye l. Se konsa malgre l pat gen tan pou aprann li, li te gen tan konn chif. San pèsonn pa konnen, lè manman an ap fè devwa ak pitit li, li te konn ap suiv. Li te menm remàke li te konprann leson  an  pi vit ke pitit la. Li te swete li ta ka al lekòl.

Apre kout baton sa a paske l tap eseye retire lasi inyorans nan je l, li te pran desizyon sove, sa te mèt zafè. Li pat kap konprann kijan moun te ka trete kretyen vivan konsa. Li te fè sèman l te pito mouri men li pa t ap tounen nan esklavaj ankò. Sa se ekzamp gwo ipokrizi lè ayisyen ap pale de libète apre 1804 men kenbe ti moun kòm esklav. Sa te fè l mal anpil. Sepandan malgre li te soufri anpil, li te toujou kenbe bon jan.

Li te gen sèlman 5 goud nan men l. Li mache,  li al nan mache e li achte yon poul pou yon goud edmi. Li vann li pou 2 goud edmi. Depi lè sa, se komès ki ba l manje e met rad sou do l. Li te gen sans komès. Li vin wè manman a laj 13 an. Papa l te mouri mò sibit 2 an avan. Li vin fè kou l konnen pou bati yon moso kay pou manman l. Lè afè l vin pi bon, li ranje kay la pi byen. Epi premye aksyon l te poze sete aprann li e ekri. Li te vin devlope yon pasyon pou li. Menm avan li t aprann li e ekri, kanta pou kalkil, li pa t gen pàn ladan l ditou. Ou pa t kap fè okenn kout kreyon sou li. Li te kapab kalkile pri tout bagay, kelkeswa kantite a. Li ak ekri vin fè l pi bon toujou nan komès.

Se konsa de jou an jou, Antonia vin gen plis siksè nan komès. Li vin bon jan madan sara. Li vin marye, men se fanm ki te soufri avèk maladi jalouzi anpil. Li te vin kite ak mari l dis an apre, dapre l te sispèk li ak yon lòt fanm, vre ou fo. Li te fè 3 pitit, 2 gason et yon tifi. Li te ensiste pou chak ane yo al pase vakans ak grann yo. Apre l te kite ak mari l, li reziyen l rete pou kont li pandan 12 an jouskaske li te kwaze ak bòs Jano, bon mason ki te konn fè konstriksyon pou li. Yo vin plase, men sa pat dire lontan paske  maladi jalouzi te pran l ankò. Jouskake l mouri, li pa t janm pran yon lòt gason ankò.

Antonia vin gen non tant Tonya paske l te toujou ap ede zòt ki pa t genyen e cheve l te vin blan byen vit. Pà respè, timoun epi granmoun vin rele l konsa e sa te fè l plezi.

Li te ensiste pou tout timounni yo al lekòl e pote bon kanè chak mwa, san  eksepsyon. Li te gen yon rigwaz pou regle zafè sa a. Sepandan, sa  pa t nesesè paske timounni yo te entèlijan menm jan ak li. Premye a vin agwonòm, dezyèm nan vin doktè e pitit fi a al etidye bizniz. Bon sans tant Tonya vin kontre ak konesans pitit li yo e se bèl mèvey ke sa te pote. Li te renmen koute radyo, gade dokimantè nan televizyon. Se konsa li vin enpresyone  ak aksyon kèk ameriken nwa ki te ansyen esklav te fè. Moun kouwè Nat Turner, Harriet Tubman, Frederick Douglass, Washington Carver. Li realize ke Asysyen pat bay pwodiksyon agrikòl, konstriksyon lekòl, ede youn lòt, enpòtans ke sa merite. Li te deside chanje sa.

Pou kòmanse, li vin bati yon bizniz kote li plante danre, transpòte yo e vann yo. Pitit agwonòm nan te fè yon sant agrikòl ki fè rechèch sou grèf ak tout kalite kwazman plant pou amyelore lakilti e bay pi bon danre. Sant sa a te travay a lòt sant parèy li an Izrael e Laholand. Sant sa a te bay anpil peyizan dyòb, fòme teknisyen agrikòl, montre enpòtans konpòs, itilize abèy e latrye pou meyè randman.

Li ak ptiti fi l, Mireille, te vin pàtnè nan fè komès. Manman kou pitit te bon ladan l, eksepte pitit la te aprann teknik ki reyisi. Se konsa yo te vin etabli yon kokennchenn boutik tou pre mache Salomon. Sa te travay bon mastèbrenn. Li te etabli yon modèl bizniz ki ta merite pou elèv lekòl ta dwe etidye. Li te bati yon episri modèn, li melanje vann manje ak tout kalte lòt machandiz. Se konsa ke l te reyini machann twal, akasan, gryo e li sendike yo. Li ofri yo ouswa peye yon lwaye ouswa peye l yon pousantaj lavant yo e kite l jere vant yo. Tout te chwazi dezyèm kondisyon an paske sa te rapòte plis. Boutik la te klimatize e tout anndan an te pwòp. Lòt avantaj ke l te bay machann yo se yon kote pwòp pou travay, twalèt pou sèvi e douch pou benyen lè yo bezwen . Yo pa t ka jwenn sa lòt kote. Li te mete yon sistem anplas ki te anpeche anplwaye l vòlè l. Moun te renmen l men te konnen ou pa dwe twoke kòn avè l paske w t ap pèdi.

Pou machann yo, li ak Mireille te fòme yon gwoup finansye. Yo te kreye yon men e moun ki te patisipe nan men an te gen dwa pou prete lajan san kout ponya, paske to interè a te ba. Li te chaje yon ti kòb pou chak tranzaksyon. Sa vle di li fè lajan nan tout sans, vann pwodui e vann sèvis. Se te yon motè pou fè lajan.

Donk boutik la te toujou chaje ak moun paske l te toujou gen machandiz ke moun bezwen an gwo ou an detay. Li te gen depo pou vann machandiz an gwo. Li te delivre machandiz tou. Ke w te bezwen kèk sak diri ouswa yon bon tas kafe, li te la pou sèvi w. Si se yon bon akasan cho w t ap chèche, pa t gen pàn. Bega se pa pale. Epi li te ofri rabè de tanzantan. Se te yon mwayen pou fè komès la mache tout tan. Li te rele chak kliyan cheri. Li te gen bon jan, e lè w vin nan boutik li, menm si w peng, w ap depanse kan mèm.

Mireille konseye l pou te etabli yon fondasyon pou finanse aktivite charitab paske manman l te toujou vle ede moun. Se konsa li kreye yon kafeterya pou nouri elèv pòv paske l sonje lè l te kann grangou e pa t gen moun pou ede l. Avèk pitit gason doktè a, li etabli yon famasi popilè ki vann pwodui a pri redui. Li kòmande an gwo nan peyi kouwè  Lend, Kanada, Ostrali. Nan Ansavo, li rebati klinik ki te kraze a, e li mete doktè ak enfimyè pou pran swen moun. Li te peye pwofesè pou montre granmoun kou timoun li e ekri. Men sa ki te fèl vin gen gwo repitasyon se paske fondasyon an te kreye yon pwogram bous etid pou elèv entelijan ki te vle etidye agwonomi ak kondisyon ke yo pral  ede peyizan travay latè olye yo fè soufnantyou pou ka jwenn dyòb biwo kòm agwonòm Senklè.

Sou koze fratènite a, Tant Tonya te vle chanje sa. Mireille te pase yon tan nan Nouyòk nan zafè etidye bizniz. Lèl te tounen, yo te konn fè anpil konvèsasyon sou sa l te wè.

“Chak dènye jedi mwa novanb, yon gwo magazen ki rele Macy’s fè bèl selebrasyon nan Nouyòk pou Thanksgiving,” Mireille te rakonte l.

“Kouman fè lòtbò dlo bagay konsa fèt e nou men pa janm panse fè anyen konsa ?” tant Tonya te deklare.

“Se dwòl ke nou gen de gwo fèt, Nwèl e premye janvye, jou endepandans, yon bagay ke okenn lot kote pa genyen. Pouki nou pa fè menm bagay  ke Macy’s pou dekabès sa a ke nou genyen nan men nou ? ”

Sa a se te gwo koze! Se pawòl fanm vanyan ki wè lwen, ki pa chita ap tann ousnon pare pou mande lacharite.

Brid sou kou, tant Tonya e Mireille achte koze a. Se konsa yo  vin fè anons ke apàti de jodi a jous nan ziltik, yo dwe fè bèl selebrasyon pou fèt sa yo. Enben li te pran desizyon pou rele sa “Selebrasyon Dekabès.” Nan piblisite ki vin fèt, yo anonse ke sa vle di kòmanse ak bouyon pye bèf pou reveyon Nwèl e fini ak soup joumou premye janvye. Kidonk nan anons lan, yo mande pou  àtis amatè  ki vle pàtisipe. Sa w tande a, sete kouwè tè sèch ki t ap tann grenn lapli tèlman moun te kontan ide a. Yon bagay yo t ap chèche anlè, li vini atè. Komite kreye ant jenn moun e granmoun. Àtis, lòt moun nan komès, kit li te gwo machann sara, mèt boutik e latrye vin mete ansanm pou òganize yon kanbiz. Sou kote pa l, tant Tonya dekrete ke zetrenn pral bay pou fèt yo.  Plidetwal pou timoun te  gratis pou chak moun ki vin achte ant 20 a 24 desanm. Machandiz te vann avèk yon rabè de 50% pandan menm peryòd la.

Moun vide sou li. Li vann plis toujou. Selebrasyon pou Nwèl la te komanse depi 22 desanm. Yon kolòn volontè vini ak bale pou netwaye la ri a, mete dekorasyon. Chak swa, koral vin chante. Jou  24 desanm depi 8 è dimaten pil, sete gwo zafè. Jeneratris, limyè sou poto, vin enstale djanm. Didje vini ak ekipman, e jwe mizik te fè kenken. Yo te sitou jwe mizik natifnatal. Defile ti moun lekòl nan resite pwezi, chante, tire kont, te fè mikalaw. Jenn àtis te vin jwe enstriman yo e moso yo konpoze sou Nwèl.  Tout zòn nan te fèmen pou sikilasyon machin. Gode bouyon pye bèf te gratis ti cheri. Sete yon bèl sèn. Lè solèy kouche, ti moun jwe ak plidetwal. Te gen konpetisyon pou kiyès ki te bati pi bèl fanal. Se alò koral te pran  chante. Aa, sa te fè w tresayi.  3 meyè fanal  yo te resevwa yon rejim banann chak kòm rekompans.

Pou premye janvye, soup joumou te bay gratis de 8 è jouska onz è. Pate cho te vann a mwatye pri.  Nan aswè premye janvye, bèl konsè patryotik te bay. Pwofesè mete ak elèv pou te ofri yon spektak àtistik de premye klas. Yo te pèmèt talan eksprime nèt al kole. Mizik klasik , mizik popilè te jwenn plas yo. Onè pou zansèt nou yo ki te lite pou nou te gen yon plas espesyal. Pwezi ki te ekri sou Toussaint Louverture te resite an Franse e an Kreyòl. Fanfa te jwe mizik Occide Jeanty. Pyanis te jwe mizik Ludovic Lamothe; moun ki te ka woule tanbou kou ti Roro te vin jwe e te fè chè poul nou pouse nan jwe rit petwo, yanvalou e latrye.  Mizik Dòdòf Legros, Lumane Casimir, Durosier, Emeline, Bitov, te jwenn plas yo tou.

Ni pou fèt Nwèl, ni pou premye janvye, te gen yon fratènite. Ou pat santi te gen zuzu ki te la pou fè lòt panse yo se gwo zòtèy, ouswa gran kap bay piti syad, oubyen boujwa kap gade pitit sòyèt mal. Ou te nèk wè Aysyen ki te gen tout koulè lakansyèl, tout moun mele ansan kòm yon nasyon ki prale douvan pou demontre  yo kapab fè bèl bagay tou, ke yo pa sipoze nan hinghang tout tan. Sete yon sansasyon kou 1974 nan Mondyal foutbòl, lè n te bay premye gòl kont Itali. Lè sa a, kèlkeswa kote w te ye sou la tè, depi w te Ayisyen, ou te kontan. Sete yon bèl selebrasyon. Moun depi lè sa a te rele mouvman sa a “Selebrasyon Dekabès.” Yo te di mèsi tant Tonya, ansyen restavèk, fanm vanyan ki toujou pare pou fè sosyete a avanse pou pi devan. Gwo koze!!!

Istwa sa a toujou fè m fremi chak fwa m panse a li.  Men l te pase nan rèv mwen. Tou senpleman lespwa fè viv.

REYNALD ALTEMA, MD


Return to homepage