SELEBRASYON DEKABÈS

Gen 2 gwo fèt ki kaptive imajinasyon twaka moun:

Nwèl ak fėt endepandans yon nasyon.

Chak grate yon pati sansib nan nou.

Nwèl selebre lapè, làmoni, inosans tou.

Endepandans selebre vanyans, fyète nasyonal e odas.

Sepandan, kado ke yo fè n pou mete youn kole ak lòt

Se yon boul lò, se kouwè nou poze dekabès!

Ke w vini  lè Nwèl, n ap sėvi w bouyon pye bèf

Ke w vini lè premye janvye, se pi rèd,

N ap sentre w ak soup joumou ki pou kore w!

Deki prevyen? Pouki sa Nwèl kaptive n?

An premye se yon fèt kretyen ki ranfòse lafwa

E antoure de bèl chanson e bèl seremoni sitou a minui lavèy jou a.

Men, se yon retou daj, kote yon lide vin kou yon leman

Ki rale nou paske nou toujou kwè nan koze rekonpans ak kado,

Senbòl de bonte ki kache an katimini nan afiba nou tout sou la té,

Ki vin rampli kè nou e fè eksplozyon. Epi nou youn trete lòt byen.

Nou jwe wòl Tonton Nwèl paske l te fasine nou lè n te timoun.

Nou dekouvri ki jan plezi bay ak resevwa se de frè marasa.

Nou toujou kenbe  kote timoun ki nan nou, se pousa n renmen yon nouvo jwèt

Ke se swa dènye modèl telefòn celilè oubyen dènye modèl machin.

Deki prevyen Nwèl? Li pran fil lanmou pou bwodè  kè nou tout, e nou vin swa.

Se lè sa a, nou chache tout zanmi, fanmi, vwazen e rekonsilye ak lennmi.

Deki prevyen fèt lindepandans? Se lè kòm pèp nou deklare

Nou se granmoun e nou pran volan pou dirije peyi nou

E nou pare pou peye libète a ak san nou e n di gason pa kanpe,

Grenadye alaso, sak mouri zafè a yo! Kidonk chak ane, nou sonje

Dat nou pran drapo e nou fonde nasyon an e nou sèmante pou di

Youn pou lòt, tout pou youn, youn pou tout. Nou vle ale an avan e

Nou kontan paske nou se frè e sè. Selebre endepandans vle di honore

Tout sa ki te goumen e pèdi vi o pou nou. Li vle di yon devwa ke nou

Genyen pou pwoteje patri nou. Drapo a se kouwè san nou, lè yo derespekte l

Se menm jan ak lè yo fè san nou koule. Fèt lindepandans vle di Solidarite,

Libėte. Selebre fèt lindepandans, se yon ak sakre.

Tè nou gen nan men nou an, se yon boul lò tou ke n pa miyonnen ase.

Li gen yon bagay espesyal nan li ki fè yon seri de pwodui se la sèl ke yo ka pouse

Mango fransik, bon jan vetivè, palmye ti koko ki prèt pou disparèt nèt.

Selebrasyon dekabès vle di sispann rampe ou boude kou kalmason,

Men gonfle biskèt nou kou pan, pou n mache bwòdè e taye banda,

Kanpe e pa kwoupi avèk men nou lonje pou mande lacharite a lòt pèp,

Vanse e pa anfonse, foubi iyorans ak savon konesans, pèmèt lè fre ki santi bon

Fè dekabès sou odè pachiman, rele chalbari dèyè mazèt epi aplodi moun madre.

Reynald Altéma, MD

Return to homepage