GRANDOU.
Reynald Altéma, MD.
Mwa màs e avril, lanati byen bòzò toujou koze ak nou,
Tankou zòtolan twoubadou ki vle chame.
Li pote van fre, fèy chanje, e flè donnen pase kenken
Vakans dezièm trimès simen lajwa pou tout ekolye
Ki te pran yon bon tyas e yo pare pou jwe bèl jwèt,
Ke sete toupi ousnon monte kap.
Kanta pou toupi, te gen yon kout yo rele a lemperatris
Oubyen a lempe. Lanse toupi se te bèl plezi,
Men sa sete twòkèt. Vrè chay la se bati e monte kap.
Van ki genyen epòk sa a ede nan koze sila.
Toupatou, papa ak pitit, zanmi, fanmi gason nan konpetisyon
Pou fè bèl kap. Chelèn kap, sak te jwenn plis konpliman,
Ki gwo kokennchenn, yo rele l grandou.
Li te sonnen kou yon gwo vonvon e li te gen yon bon yayad
Lè li jwenn bon jan van. Monte kap, yon amizmen senp
Men gou pase rapadou, li atire moun kou myèl rale foumi.
Li fè kè nou kòdase pi byen ke yon poul ki fèk ponn.
Se domaj ke bò lakay, pa te gen habitid
Pou bay pri pou pi bèl model kòm ankourajman.
Se konsa nan mantalite goumen yon ak lòt,
Pafwa nou mete jilèt nan ke kap la pou koupe fil yon lòt,
Menm jan gwo bay piti zoklo oubyen siyad pou imilye l.
Grandou merite pou nou ba l omaj. Jèn yo dwe rekòmanse bati yo,
Pou nou mare kaminize ak bon tradisyon e koutim peyi nou,
Yon fason pou nou bay panzou a kagou, fè malonèt a dezespwa,
Vin maton pou nou ka teke lasini e voye l nan wonn lespwa.
Monte kap vle di àmoni e kooperasyon pou ka konstwi l
Bay jarèt a kreyativite, sonnen lambi pou chante kalinda
Pou lanmou ant papa e pitit, ant frè e amitye tout bon.
Se nostalji pou yon bèl epòk nan vi nou.
Sa a se yon eleji a yon kreyasyon àtistik.
Se swete moun ki gen talan pou fè bèl koup
Jwen mwayen pou yo eksprime yo
E fè je nou gwo kado e gwo plezi pou admire yo.
Grandou, tankou manman penba, soulinye respè nou pote
Pou fòs, prestans e travay sa mande pou etabli l.
Travay pou konstwi vle di tan nou retire nan detwi.
Nou dwe di ochan pou tout jefò positif sa yo.
Return to homepage