TI WOUJ.

Tova, yon nonm kout ak gwo bibi ke yo te rele Ti Wouj paske po l te wouj kou tè nan zòn nan. Li te abite nan mòn Miragoâne. Nèg pa te soti nan fanmi moun nan peyi blan yo rele Lapoloy e yo te vin kwaze ak moun nwa nan zòn nan. Moun sa yo  te gen je vét ak tèt swa e po yo te tout koulè kouwè lakansyel: blan kou chè kowosòl jiska mawon kou kachiman. Daprè listwa, sòlda polonè yon fwa yo te vin nan zòn nan, te tèlman pran gou nan bon frechè ak bon yayad fanm nwa yo ke yo deside ke y ap fè kou nèg mawon e yo sove kite làme franse yo. Se konsa w te jwenn non kou Lovinsky, Gomulka, Kaminski e latrye. Sa sete bèl bagay pou te wè ki jan moun sa yo te viv byen.

Yo te adopte mès desandan Afriken yo, kouwè fè konbit pou sakle latè. Zòn nan te gen yon tè an òd jan l te fètil. Yanm, mazonbèl, banann, zaboka, mango ak tout lòt viv te toujou soti gwo kou michan bwa milèt. Pwa menm se pa pale; ou te jwenn yon varyete pwa Kongo ki donen tout làne. Tout pwa yo te gwo e yo te gen bon gou. Yon van fre toujou pare pou fè w kalma sitou lè w fèk finn pran yon bon lasibab. Lawouze lè maten e seren leswa te degaje yon odè ki kore anvi viv yon moun. Pye Ilan-Ilan te fè kenken e te anbome lè a. Moun zòn nan te viv lontan.

Kidonk, Ti Wouj tankou  lòt moun yo te gen bon jan men ni youn ni lòt pa t manje anyen frèt. Depi l te piti, paran l te aprann li ke depi ti kònkònm a p goumen ak kalalou moun te toujou kònen ke lèt ak citwon pa t melanje, ou pa achte chat nan makout. Yo te fèl kwè ke gason ak fanm vanyan pa dwe kite moun derespekte w. Menm pàmi moun vanyan, Ti Wouj te distenge tèt li. Yo te  di ke l te pran sa nan san paske granpè pap l te kann goumen avèk lèpikè. Avèk sa, se pa vini w ki pou sove w. Yo pa t sipòte gason ki vin tyoule fanm e betize yo ak yon pitit et bat zèl yo. Kout manchèt ta fè mikalaw. Yo pa t kwè non plis nan vann tè yo. Yo te realize ke li te pibon si yo te kenbe tout ansanm e travay ansanm. Sete yon modèl ansyen esklav te adopte nan mawonaj. Te gen yon sèl lekòl matènel nan zòn nan. Moun yo te apèn kòn li e ekri.

Sekonsa yon jou maten Ti Wouj te byen sezi lè apantè Joseph vini pou fè apantaj paske leta te anvi bati yon wout nan seksyon an. Apantè te gen repitasyon moun ak twou nan manch paske yo te renmen fè jeretyen sou tè moun. Mo apantè te fè moun pantan menm jan ak mo ipotèk. Presanz Joseph nan koze sa a pa t fè Ti Wouj plezi ditou. Ti Wouj file manchèt li e mete l sou bò senti l e li te pwoche Joseph.

“Sèlman pinga,” Ti Wouj di mouche pandan li pran dwèt li e l pase l sou lam manchèt la. Ti Wouj tè obsėve ke Joseph tanzantan te voye je sou ti sè l Magda ki te gen apèn 15 làne.

“Fòk ou pote papye tè nan biwo a pou nou verifye.” Joseph anonse l.

Nan demen, Ti Wouj foure papye tè l nan dyakout li e li pran manchèt li pou lavil Miragoâne yon fwa li sele chwal li. Lè li rive nan biwo a,  Joseph te nan gwo koze ak yon lòt nèg.

“Yè m kwaze ak yon jenn grimèl kote m tale a. Wè pa wè fòk mwen bwè nan soup li ya.”

“Konpè m te di w pinnga e sanble w pa t konprann. Nou pa pèmèt pèsonn bwè nan soup nou amwens yo pàticipe nan fè soup la e yo vin viv avèk nou.  Si se pasa, manchèt nou toujou file e se sou kadav nou pou yo pase.” Figi Ti Wouj vin wouj kou tomat, je l pare pou soti nan tèt li, kat min li fwonce e biskèt li gonfle kou kodenn ki wè yon femèl.

“Monsieur Gomulka vous devez laisser votre preuve de propriété pour que je puisse exécuter le formulaire, rédiger le rapport et le soumettre au huissier. L’avocat du bureau ajoignant devra vèrifier le tout et cela vous coûtera 1000 gourdes. Vous pouvez revenir dans 1 semaine.”

“Sa blan an di? Mwen pa p kite okenn papye avèk moun pou demen nou pa di m ke l pèdi ouswa l boule nan dife. Ou mande m prèv ke nou se mèt tè a e pote l montre w. Wout pa bezwen konstwi tan pou m bay papye e paye mėtdam. Pou dayè mwen pa janm achte chat nan makout. Pale franse pa p fè m chanje pozisyon m yon pwèlyèm.”

Ti Wouj chupe byen fò, “Ala traka sou latè. Nėg ki panse yo enstwi komprann yo ka kraponen peyizan. Nou pa t mande pou wout paske nou degaje nou pou kont nou. Genbe kòb wout la e fè sa nou vle avè l. Tan sèlman lagè avèti pa touye kokobe, si yon nonm vini betize ti sèm nan m ap chtare w kou koure kochon nou kòche. Sò w tande a Ti Wouj vire do l pou l ale. Se konsa enjenyè Travo Piblik vin parèt.

“Pou ki tout bri? Pou kisa eskonbrit sa a ?” Ti Wouj eksplike koze a. Enjenyè a mete men nan tèt li.

“Montre m papye yo.” Li li l e yo te date depi prezidan bann machwè.

“Ok mon frè, pa gen pwoblèm, ou mėt ale.”

“Se pa nòmal sa. Pouki nou mechan konsa? Nou sipoze defann frè n e sè n e se konsa nou trete yo?” Li di sa yon bon moman apre Ti Wouj soti.

Enjenyè a te mete absè sou klou. Non sèlman Joseph te move ke l te pran bèk nan men enjenyè a, li te sitou vekse ke you nèg mòn te kenbe tèt ak li pou anpeche l fè yon kòb sou do li. E sak te pi grav la sèke je l te fikse sou grimèl la e fòk li goute soup sa a. An efè manmzèl te kapote konpe. Li te wè devan l yon bèl poulèt avèk pwatrin ranpli paske tete l yo te kanpe drèt kou 2 chadèk, chak bò dèyè l gonfle kou 2 gwo berejèn. Nan lespri monkonpè, sa temèt zafè, sote ponpe fòk li tyoule bèl ti grenn sa a. Mouche sete bon jan macho, byen kanpe, pale franse, mache bwòdè. Plezi l se fè fanm tonbe damou pou li epi l sove lè sa soti pou makònen l.

Ti Wouj te twouve Joseph awogan, moun ki panse li ka fè w pran kaka pou bè. Li te fè sèman ke si mouche gen malè fè frekansite avè l ouswa sè l, l ap fann fwa l ak yon kout manchèt. San l te bouyi. Lè konsa gòj li vin sèch e li pa t renmen sansasyon sa a. Ògèy 2 towo te blese; Ti Wouj pa t nonm ki manje manje blye. Lè frè yon fanm ba l baryè, sa te pouse Joseph plis sou bò fanm nan. Joseph deside ke li pape fè ladènyè. Si l paka fè kòb sou Ti Wouj fò omwen li jwenn yon kichòy e kichòy sa a pa lòt bagay ke grimèl la.

An prensip si leta te pwal fè wout la pase sou tè fanmi Gomulka, li dwe bayo yon lajan. An pratik anplwaye yo fè kont maltaye e separe lajan an ousnon moun yo pa konnen dwa yo, yo pa reklame lajan ou menm si yo mande l e ranpli papye pou mande l, si yo pa gen yon patwon ki pou ede yo, enben dosye a ale bwa chat. Nan ka fanmi Gomulka, yo pa te konnen anyen nan zafè jwenn lajan pou koze wout. Yo pa t renmen ide pou depann de leta paske li pa t jan ede yo vre. Apà ti lekòl la pa te gen okenn lòt anplasman leta. Dispansè se nan Miragoâne. Pou akouchman, se famsaj ki te okipe sa. Leta pou yo vle di magouyè. Kòm yo pa t kwè nan magouy, yo pito rete nan kwen pa yo e viv dousman, san bri san kont.

Joseph ki yon malen vini ak lide ke gen lajan ki ka bay si wout pase sou tè yo. Li te voye kouzen l ki avoka a l pase mesaj la. Mouche konnen ke Ti Wouj pa t ap byen resevwa l. Pawòl lajan toujou fè tèt moun vire. Se konsa yon kouzen Ti Wouj vin pale l sou sa. Avoka a te lese yo konnen ke li ka ede yo jwenn lajan. Li te ap chaje sèlman si yo jwenn lajan. Ti Wouj te opoze kesyon pou ale chache lajan nan men leta. Men granmoun yo pale youn ak lòt e yo deside ke si sa se dwa yo, pito yo jwenn yon ti chocho e ya tou pwofite fè kèk reparasyon ak lajan an. Ti Wouj te blije aksepte paske papa l te dakò.

Joseph pwofite pou chanje konpòtman l. Lè Ti Wouj vini ak papa l kay avoka a, “Onè, respè. Nou la pou nou ede w. Si nou te panse lòt jan, se domaj paske se pa entansyon nou. Li pi bon si nou zanmi.” Li lonje men bay papa Ti Wouj dabò e Ti Wouj apre.

Ti Wouj te sispèk mouche. Li pa t souti pou l vale mesaj sa a. “N ap siyen men nou pa p kite papye tè yo nan men pèsonn.” Avoka a fè fotokopi papye tè a e remèt yo orijinal la. Li mande  yo siyen 2 fwa. Youn sete pou mande lajan an nan men leta, lòt la te ba l dwa pou fè negosyasyon. Li pa t ekri ki kantite kòb ke l ta p chàje.

Ti Wouj mande l, “Si nou ranmase kòb sa a, konbyen pou n peye w?”

“Di mil Gouds.”

“E ben nou pwal nan biwo avoka enfas la e nou pwal wè konbyen kòb l ap chaje nou. Sa ki pi bon mache a va jwenn bizniz la.”

“Tonmat vèt.  Moun sa yo gen je klere.” Avoka a panse. Paske l pa al nan gagè pou l pėdi, li ofri l  “ Kèlkeswa pri li mande w la, mwen a p mande lamwatye.” Apèn yo ale, li rele biwo lòt avoka pou l rakonte l koze a e fikse pri ak li. Ti Wouj ak papa l al kay biwo avoka e yo jwenn menm pri a.

“Mèsi mèt. E ben n a tounen kay lòt mèt la.” Yo fè tankou yo pra l kay premye mèt la epi yo kannale al cheke lòt biwo. Se konsan yo jwenn youn ki mande yo 4 mil goud e yon lòt ki mande 6 mil goud. Chak biwo yo bay yon devi e yo pran sa k pi ba a e yo tounen kay premye a.

“Mache chache pa dòmi san soupe. Olye de 10 mil goud, nou pwal peye 2 mil gouds!” Ti Wouj deklare. Lè yo rive kay premye avoka a, yo siyen pou 2 mil gouds. Avoka a te move kou kong, li te anvi fè dyòl li long kou jòfi, men li te pwofite souri e bay yo lanmen.

Joseph pwofite pou di yo, “Ou wè sa m te pwomèt nou an. Pa pè, n ap regle dosye a tèt kale.” Joseph an premye e avoka a apre fè eksperyans bonsans Ti Wouj. Joseph poze tèt li kesyon eske tyoule grimèl la te vo lapèn paske moun sa yo gen je kale.

Joseph retounen nan zòn nan paske l te blije pou travay li. Li te pwomèt tèt li pou l pa t al dèyè grimèl la jouskaske manmzèl pase bò kote l. Li te gen yon bokit dlo sou tèt li e lè l t ap mache, hanch li te bay yon kadans ki te eksite nèg pa e fė l pèdi kontwòl. Joseph te gen 30 rekòlts kafe sou tèt li. Joseph sifle e l di, “Bonjou bèl mèvèy.”

Li pa t pran tan pou Ti Wouj vin korespòn ak li. Li fout Joseph yon sèl palavire, “Sispann frenk; se timoun li ye. Yon gwo malandren kou ou pa dwe annafè avè l.” Goumen mete pye. Ti Wouj kofre mouche ak kèk bon kout pwen malgre ke Joseph ti eseye defann tèt li. Joseph te rankontre ak zo grann li. Lè Joseph te piti, li te bandi tou, men Ti Wouj pi barak ke li e pi bosal nan batay.

Joseph soti wont men li sèmante pou l pran revanj. Li di Ti Wouj, “Krapo fè kòlè l ap mouri san dada. Se tande w a tande koze lajan leta pou afè tè sa a.”

Avoka a ki kouzen Joseph voye mesaj ke zafè a paka regle. Okenn lòt mèt pa t vle pran ka a nonplis. Sepandan fanmi Ti Wouj di ke si leta dwe yo lajan, yo pa dwe kite l pèdi. Se konsa papa Ti Wouj al Pòtoprens kay nyès manman l pou rakonte l istwa a. Kouzin nan  te fè demàch pou li paske l te marye ak yon enjenyè nan Travo Piblik.

Ti Wouj lè yo fianalman jwenn kòb la deklare Joseph devan avoka ki kouzen l “Wa yan.” Nan kesyon anvi tout yo te pèdi tout.

Reynald Altéma, MD.

 

Return to homepage