Mali e Beti.
2 sè marasa ki te viv youn pou lòt e pa t ka viv youn san lòt, te fè menm bagay la nan leve chak pitit fi yo, Mali e Beti, kouzin, pòy, e tokay. Si w te li deskripsyon chak kouzin, ou ta fè konklizyon ke pa gen fason pou yo te ka tolere youn lòt e poutan yo te kòkòt a figawo. Yo te abite Ruelle Pétrus youn anfas lòt, nan Bas peu de choses nan Pòtoprens. Se te bèl mèvèy pou obsève kijan 2 kouzin sa yo te kouwè tomtom ak kalalou. Se sèten ke pataje menm san se yon fenomèn pou respekte.
Beti trè senpatik tandis ke Mali pa t nan meli melo ak pèsòn, ou ta di kou gwo pous ki pa nan pèk mèl. Pasyon Mali se te makiye, woze zong dwèt li ak pye l e abiye fen kou pan. Beti te renmen chante, ri, pale anpil. Mali te souvan boude kou kong, li pa t gen anpil zanmi. Pou di laverite, tou de te bèl demwazèl, men Beti te gen yon pèsonalite ki te fè prezans li jenere klate yon boukan dife, ousnon enèji reyon solèy midi e an mèm tan distribye oksijèn nan alantou li. Yo rele sa an anglè gravitas, an franse charisme, men nou rele sa poto mitan. Ak Beti, ou pa ka kagou; fè konvèsasyon te natirèl pou li tankou respirasyon, donk depi l yon kote, li anime l.
An plis de sa, Beti te gen repitasyon yon moun ki aktif. Depi l te piti, li te toujou pre pou ede, ke se òganize batèm poupe, e lè l ap grandi li te sèl chèf kanbiz. Pa ekzanp, si w bezwen reyisi yon ti suye pye pou fèt yon moun e ben ou rele l. Li te bon nan koòdinasyon. Se konsa yo te ba l ti non jwèt la fougueuse. Mali toujou chèche rezon pou yon bagay pa ka realize. Beti toujou jwenn fason pou akonpli l.
Fason yo panse te kou lèt ak sitwon. Si gen yon bagay ki pou fèt, ke se mete lòd nan dezòd nan yon kay, pran inisyativ pou sote kòd, jwe marèl, ou te mèt konte sou Beti. Avèk Beti, aksyon se plop plop. Avèk Mali, li te toujou pè pou l pa t deranje manicure li, sal ou byen chifònnen rad li, epi li te paresèz. Yo te rele l précieuse, tout tan l nan tulututu e ap fè enteresant. Men si w te gen afè ak Beti e ben ou te charye 2 chay sou do w paske Mali pa t manje anyen ki frèt pou defann kouzin li. Si w te touche cheve Mali ou t ap gen pou koresponn ak Beti, bon jan fanm vanyan.
Vanyan nan tout sans! Sak te distenge Beti, li te renmen patisipe nan diskisyon politik ou byen debat nenpòt sijè daktyalite. Li te toujou kanpe doubout devan ti mesye yo lè konvèsasyon sa yo t ap fèt. Li te gen bon jijman e analiz li te byen kanpe. Li te chaje ak konvisyon e li pa t kwè nan chanje pozisyon daprè kouran ki te an vòg la. Natirèlman, li te fò lekòl e elèv sou katye a souvan te vin kote l pou ede yo fè devwa. Mali te plis kou mazèt e Beti te plis kou bolid.
Obsève entèaksyon ant Mali ak Beti, se te fè yon konstatasyon kijan siwo myèl kòm zouti pi efikas ke gwo ponyèt pou fè lapati mache, ou byen ki jan kolibri nan chante ka chanje min kalmason e fè l soti nan kokiy li. Beti toujou kouvri kouzin li ak beze, kwoke l, fè kè l kontan e fè l souri. Ak Beti, Mali pa t ka rete boude. Li te jwe ak Mali, pou li fè l fè jwèt tifi, chante, danse. Mali te toujou pare pou mete Beti alapaj, kou mete cutex pou li, fè bèl coiffure pou li, limen zong li, montre l ki jan pou l rete bèl. Mali e Beti te rankontre souvan, youn dòmi kay lòt, lè konsa Beti te toujou pwofite pou l pale ak kouzin li, eseye ouvri je l e fè l wè realite ya.
Sepandan, Beti pa t ka chanje kè Mali nèt. Kote Beti te liberal, pwogresis, Mali te konsèvatris. Beti te kwè nan yon sosyete ki bay pòv ak rich menm pwoteksyon. Mali te pou moun rich; li te konsidere moun ki pa genyen comme des minables et leur langage, le créole, une pourriture. Malgre tout jefò Beti te fè, oryantasyon politik Mali pa t janm chanje.
Beti chwazi ale nan inivèsite e li te vini pwofesè matematik. Pou epòk sila a fanm nan peyi nou pa t fè mouvman inivèsite a souvan, vin wè etidye matematik. Nòt lekòl li tèlman bon ke l je jwenn bous pou ale an Frans. Se konsa l te kwaze ak Tertulien. Nèg pa te ediye istwa. Sete premye menaj li e yo te vin marye yon fwa yo te retounen nan peyi a. Beti te marenn nòs Mali kèk ane avan, e li te marenn nòs Beti. Tou lè de te renmen anseye e yo te vin pwofesè. Dyòb sa a pa t peye anpil. Souvan pwofese blije fè klas nan plizyè lekòl ousnon bay leson prive pou ka gen yon chocho ki pou pèmèt yo viv miyò. Pwofesè matematik te gen plis debouche ke pwofesè istwa. Beti ki te gen nen fen e te wè lwen te kalkile ke li te pi bon si yo te rete nan kay manman l paske yo pa t gen pou peye lwaye ni ipotèk. Beti te kòn kijan pou fè ekonomi. Li e Tertulien menen yon vi senp.
Mali te pran yon lòt direksyon. Li te marye plop plop ak yon komèsan, Abnè. Mouche te spekilatè e li te ekspòte kafe. Li te gen magazen li nan bwòd mè a. Li te eritye komès la de papa l. Yo te al abite nan yon gwo kay nan cite Wilson tou pre Pako. Mali ki te toujou gen espri zuzu vin gwo zouzoun.
Sete nan ane senkant yo, sou tan prezidan Maglwa. Lavi te pli senp. Moun pa t itilize telefòn. Fanmi, zanmi te vizite youn lòt san anonse ke yo ap vini. Ledimanch apre lames nan legliz St Gérard, Mali te vin vizite manman l e matant li. Kidonk kou lontan, Mali ak Beti pwofite pou you pale e fè kòkòday, kouwè manje ansanm, fè zong yo e latrye.
Sepandan, vi Mali te vin chanje. Li te vin “dame de la haute société” e l te renmen fè resepsyon, festen tanzantan. Li te chaje ak bòn e gason pou sèvi l. Pasyon li se pase tan devan miwa, achte syoule chè, bijou e mache kay kouturyè. Ledimanch li te ale lames Sacré Cœur pito ke St Gérard. Se konsa li te kòmanse bay pàn nan vizite Beti. Tandis ke Mali deplase nan bèl machin dekapotab, Beti te ouswa pran lalyi ouswa ize de vityelo l yo. Mali de vin santi l alèz ak moun ki gen lajan e ki te panse menm jan avèl.
Tertulien te renmen ekri nan jounal e pale pawòl pèp souveren, jistis sosyal, pàtaj richès peyi a. Koze sa yo pa t chita swa nan zòrey Mali. Sa te fè li pran distans ak kozin li pi plis. Lagè vin deklare lè Beti ak mari l vin manb nan pàti politik MOP. Pou Mali sa sete gwo peche mòtel, ki paka pàdone.
« Le peuple ne sert qu’à une bonne source de mains-d’œuvre. Son sort ne doit pas concerner les gens de bien. Je ne comprends pas quel moustique t’a piquée. Cette philosophie que toi et ton mari épousent n’est pas bienvenue chez les bourgeoises comme moi. »
E ben se kouwè l te di l “Pa met pye lakay mwen ankò.” Sa te fè Beti mal e l te krye dri. Pawòl sa a te lou kou kwa sou do e te kòche yon soufrans nan kè l ki pi kòryas ke yon sèkèy madoulè, pi amè ke fyèl, e pi malouk ke malonèt kongo premye janvye lè yo refize ba w soup joumou.
Akòz de frekansite sa a, Tertulien te di, “Nou pa dwe mete pye kay kouzin ou ankò paske l pa respekte nou.” Sa te vin met absè sou klou. Beti te blije fè kwa e pa al wè kouzin li sitou ke manmzèl te sispann vin wè Beti depi prezidan bann machwè. Sa ki te fè l pi chagren, seke l te toujou renmen vye kouzin li. Li pa t kapab kenbe l nan kè.
Lè w bay do a moun ki patizan w, sa pote madichon sou wou. E ben lajan te fè Mali vin konpòte l an aristokrat nèt al kole. Li te viv kouwè lajan an t ap toujou koule san fen. Sekonsa yon move nouvèl pantan sou li: pri kafe vin desann anpil. Mari Mali vin pèdi lajan pou pa chape. Yo te kraze lajan e pa t kwè nan sere pou demen si malsite te vin visite w. Nan de tan twa mouvman, dèt kòmanse met pye. Zanmi lè zafè bon pa zanmi lè zafè malouk. Lè moun vin wè ke yo gen pàn lajan e ben yo vag sou yo. Mali blije ranvwaye bòn, gason lakou. Bòdwo elektrik pa ka peye a lè, kouran vin koupe. Sa te grav pou manmzèl. Lè monkonpè aplike pou yon prè labank, yo rejte l; li te blije aksepte pran yon kout ponya nan men yon izirye. Lajan nèk an antre, yo rekòmanse depanse san gade dèyè. Yo pa t gen disiplin pou zafè finans. Yo te ka pase moman rèd sa a si yo te ranje zafè yo pi byen. Ou byen si yo te mande Beti konkou paske li te bon nan rache zo nan kalalou e li te kòn ki jan pou jwe ak chif pou ka boukante mare vant ak viv nòmal san ekstravangans.
Malè vin vizite kay Mali paske yo te nan difikilte pou peye kout ponya a. Sekonsa yon jou dimanch Mali al legliz St Gérard e apre mès la pase kay manman l. Li te wont al kay Beti e li te sitou wont pou mande l pou ede l. Li rakonte mizè l bay manman l. Natirèlman, di manman l yon pawòl vle di anonse Beti koze a paske sak nan kè yanm, kouto toujou konnen l. Manman Mali tonbe krye lè l pran nouvel la. Beti ak manman l kouri al pran nouvèl e pote sekou; gran moun ki ap krye ka vle di maladi ou lanmò.
Lè Beti parèt, li nèk gade figi Mali ak tèt li bese e de rigòl dlo t ap koule kouwè bwatchenn ki desann. Kè Beti mare menm moman an.
— Sak pase?
— Lasini pase lakay li. Mari l te blije pran yon kout ponya e yo gen pwoblèm pou yo peye l. Matant li reponn pandan l ap kenbe krye.
Beti pran Mali apa e yo al pale. Li fè manmzèl rakonte l tout detay san wete ni mete. Beti te bezwen konnen konbyen kòb ke yo dwe, ki kantite lajan yo genyen elatrye. Li te fè yon kalkil rapid nan tèt li e li te wè ke gen fason pou sove lasityasyon. Men li knonnen ke fòk li pale ak Tertulien e mouche pral gen pou antann li ak Abnè pou pa gen pwoblèm pi devan.
—Kozin mwen ou konnen mwen pap janm lage w. Kite m al pale ak Tertulien. Tounen pita ak Abnè e na koze a nou kat la pou wè ki sak ki posib.
Beti pran san l pou l pale ak Tertulien pou yo diskite kijan ke yo ka ede Mali e Abnè. Abnè e Tertulien pa t bon zanmi paske Abnè te yon ti jan tulututu e te panse l te siperyè Tertulien afòs lajan ke l te genyen. Tertulien pa t twò enterese nan koze a. Beti demontre l ke gen plizyè chwa:
a): prete yo lajan sèlman pou peye premye vèsman, men pi devan yo pra l gen menm pwoblèm nan paske yo renmen depanse twòp.
b): peye kòb ke yo dwe a epi yo pwal kontwole antre e soti lajan e kenbe depans yo sou kontwòl. Yo ap chaje mwatye enterè izirye a te mande a.
c): pa fè anyen e kite kouzin ni peri. Chwa sa a pa t ap jan antre nan san l paske l renmen l twòp.
Tertulien konnen ke nan zafè regle lajan, pa gen kouwè Beti. Li ekonom men li pa kras. Li bon ak chif. Yo vin tonbe dakò pou dezièm chwa a si yo siyen papye devan avoka. Pita, Tertulien, Abnè, Beti, Mali chita ansanm e diskite bagay yo. Abnè e Mali aksept òf la:
—Sèlman pinga bay pwoblèm pi devan. Sa nou mete sou papye a se sa nou dwe fè san bri e san kont. Tertulien deklare.
—Monchè ou sove m e mwen apresye sa anpil.
Beti vin jwe wòl kontab e adminstratè nan bizniz la. Li kenbe tout bagay kinn alaganach. Li pa kite yon ti grenn diri pase sann pa kontwole l. Se konsa li mande Abnè met gason sou li pou ale nan pwovens e negosye avèk peyizan yo. Nan fè zuzu, Abnè pa t vle konsidere opsyon sa a. Se konsa ke Tertulien vin pwofite pou antre an aksyon. Li chanje fason yo achte kafe. Olye de fo balans ki vòlè peyizan yo, li demontre yo ki jan yo ka jwenn yon bi bon pri ki baze sou kantite key o pote a. Konsa plis peyizan vin vann e volim bizniz lan ogmante. Beti te fè rechèh e te decouvri ke toujou genyen demand pou bon kalite sou mache intènasyonal la. Gen kompayi ke peye plis ke dòt e li konsantre sou yo.
Beti vin tèlman bon ke Abnè pa t kab fonksyone san sèvis ni li ni Tertulien. Mali te toujou rete menm jan an. Li rete fò nan jwi benefis lajan, men pas konn ki jan pou jenere l. Tertulien te non sèlmam fè aktivite komèsyal men politik tou lè li ale nan pwovens. Li te gen siksè komèsyal men move je pa t renmen pawòl li yo. Ki pi mal, Tertulien vin fè chòk ak kèk gwo zouzounn nan zòn lan. Li te menm pran you kout prizon e se konsa ke l vin pran maladi pwatrin, tibèkiloz.
Maladi pwatrin alepòk an Ayiti te gen move repitasyon. Sete yon wont. Tertulien ak Beti nan sove lavi kouzin li vin tonbe viktim. Abnè derefuze vin vizite Tertulien nan Sanatorium! Bixniz vin ap mache byen e Abnè te manje manje blye apre l te pase anba pye sablye. Beti blije pran tan pou pase ak mari l. Erezman li pa t pran maladi a. Li pa t wont non plis ke mari l te fè maladi a. Vwazinaj e kèk lòt moun te ba l do. Kouzin li Mali te jwe jwèt roule m de bò. Li te toujou mande nouvèl Tertulien men li pa t janm vin wè monkonpè. Beti te di tèt li ke jwèt se jwèt men kwochèt pa ladan l. Se konsa li vin sispann pote konkou a ni li ni Abnè yon fwa ke l fin rantre kòb ke l te prete l la.
Desizyon ke Mali te pran pou pa vin vizite Tertulien te make Beti anpil paske limenm pa t ap aji konsa. Separasyon ant de kouzin yo vin pi rèd lè Mali fè manman pa l vin abite lakay li. Sa vle di li koupe kontak ak kouzin li. Beti e Tertulien kontinye nan pàtisipasyon politik yo e se konsa ke yo fonse nan koze rekrite moun nan Carrefour Feuilles nan koze Fignolé. Tertulien te nan komite pwopagann mouvman an. Lè mouche te pran mayèt la, Fignolé te nonmen l minis nan Éducation Nationale. Beti ak Tertulien te pran tan yo pou te ekri yon pwogram pou ankouraje tout moun vin aprann li e ekri e sitou Kreyol. Se konsa yo te piblye tèks sa a nan jounal La Phalange an grann manchèt. Sete youn gwo koze e yo te di ke nan 10 an peyi a te dwe elimine zafè moun ki pa kann li. Apèn lank lan seche sou àtik la, gouvènman an tonbe. Olye ke yo bese vwa yo, Beti e Tertulien ekri youn lòt àtik pou pale de nesesite pou anseye Kreyòl nan lekòl e pou sispann fè pèp souvren ki pale l sèlman santi ke yo se moun sòt e inferyè a moun ki pale franse. Jan de pawòl sa yo te konsidere kòm twò revolisynè pou epòk la. Aprann pèp li e anseye an Kreyòl te twòp. Pozisyon sa a te jwenn kritik mabyal. Yon àtik te piblye ki te kritike l san pitye: « Le retour des Congos ». Atik anrezime di ke : « Les bossales furent tenus à l’écart pendant la formation de notre nation, non pas par mégarde, mais délibérément car ils n’avaient point la finesse d’esprit et de manières des affranchis éduqués à la metropole pour mener le pays-enfant à bon port. Considérer l’instruction en créole serait une marche arrière de notre civilisation et la prolifération d’un standard inférieur et d’une culture autotochtone peu sophistiquée. »
Beti e Tertulien vin gen repitasyon de moun radikal, fou, avèk lide danjere e moun ke system nan dwe ekàte san gade dèyè. Anka ke yo pata konprann mesaj sa a, Tertulien pran yon lòt kout prizon. Lè yo lage l, Beti ak li konkli ke yo pa t gen lòt chwa ke kite peyi a. Fòk nou di ke pandan period sa a lè yo ap pran gagann sou gagann, Mali e Abnè pa leve yon dwèt. Anpil nan moun ke Mali e Abnè rekòmanse frekante yo te pàtizan kandida Déjoie. Beti e Tertulien pàti e yo al ateri nan NouYòk. Beti toujou kenbe kontak ak manman jouskaske l fè l rantre vin viv ak li. Natirèlman manman Beti te toujou kenbe kontak ak sè l, manman Mali.
Kèk ane apre, Mali e Abnè vin pran nan gonmen paske gen yon gwoup zanmi yo ki gen bra yo ki pran nan moulen nan koze konplo kont gouvènman. Sete okazyon pou Abnè tou goute prizon. Fwa sila a Mali te poukò l. Li pa t gen Beti ki pou sove zo l. Mali pa t janm gen lespri moun ki kann debwouye l. Li pa t ka fè yon pa kita, yon pa nago. Li swete kouzin li te la pou ede l. Pòv Abnè, li subi menm chatiman ke Tertulien. Nèg pa pran maladi pwatrin nan prizon an. Lè yo lage l, gason te mèg kou kaw, touse tout tan pàfwa ak san e Mali ti blije mennen l Sanatorium. Paske Mali pa t gen sans bizniz, komès Abnè a tonbe tchouboum. Mali mòde dwèt li paske l konnen ke sa pa t ap janm rive si kouzin li te la. Mali, précieuse, bourgeoise, rankontre malsite, maladi ki pote lahont. Mali e Tertulien, zuzu e tulututu, oblije aprann brase, naje pou pa nwaye. Yo aprann yon dezièm fwa ke vre zanmi ou pa ka achete sa de pou senk e yo regret anpil kijan yo te trete Tertulien lè li te malad. Yo pantan sou pwovèb ki di maladi Bondye se pou nou tout ousnon verite ki di lasoufrans amè kou fyèl menm jan ke madichon santi kou charongn.
Brase e naje pou pa nwaye vle di mete ke yo nan fant janm yo e rekonsilye ak Beti e Tertulien. Sito ke Abnè vin enganm, ni li ni Mali pran chemen letranje. Brase e naje vle di ke précieuse et bourgeoise, zuzu e tulututu al travay nan faktori pou ka met manje sou tab yo. Li vle di dekanpe de kay Beti apre kèk mwa pou yo ka depanse lajan pòch yo po peye lwaye, fè màkèt, peye bòdwo telefòn, elektrisite. Li vel di epi apre aprann pwofesyon de Nurse’s Aide pou Mali ki vin vèv lè Abnè tonbe malad e al nan peyi san chapo. Beti e Tertulien te pwofesè nan high school.
Poutan Beti te toujou renmen kouzin li Mali. Sete kouwè yon manman renmen pitit li. Kèlke swa fot ti moun nan komèt, li toujou vin pàdone l alafen. Razè, maladi, lanmò, Beti toujou kanpe pou ede l. Brase pou pa nwaye fè Mali aprann lavi e debarase l de vye lide aristokrat lè l blije pran bòs nan fredi pou al bay blan an 8 è tan pou l ka peye bil ki soti pou pase nan san l.
Reynald Altéma, MD.